Patisipe nan HVIN

Vin yon manm e patisipe nan lavi Asosyasyon Ayisyen nan Payiba. Se ranfòse inyon epi bay misyon asosyasyon an fòm. Kotizasyon chak manm ba nou mwayen pou nou òganize aktivite.

Kisa HVIN ofri: echanj kiltirèl ak kominote ayisyèn nan epi tou lè w manm ou jwenn avantay espesyal (tankou pri espesyal) nan aktivite HVIN yo.

Kondisyon pou yon moun vin manm
Lè ou pral vin yon manm, premyeman fòk ou li e aksepte lwa avèk règleman asosyasyon an, konplete fòm anrejistreman an epi fòk ou dakò peye kotiyasyon-an chak ane.

Wi

Enterè

Adezyon yo































Kilè adezyon an kòmanse
Apre nou resevwa fòm nan ou pral resevwa konfimasyon nan men nou ak detay sou adezyon w lan ak kotizasyon ou dwe peye. Enskripsyon w pral aktive apre lè w fini peye kotizasyon an. Chak ane li renouvle otomatikman chak 1 janvye ane apre a, sòf si manm la te anile l (avan 1 desanm)

Pou anile adezyon an, ou dwe fè sa pa ekri. Montan kotizasyon an se pou yon ane. Ane a genyen 4 trimès, si w enskri pandan ane a, a pati dezyèm trimès ane, montan ou gen pou w peye ap pi ba ke tarif anyèl la. *3

Règleman tarif yo
*1) Etidyan dwe voye kopi kat etidyan an info@hvin.nl.
*2) Adezyon fanmiy se pou moun k ap viv nan menm adres. Nou gen yon kondisyon espesyal pou yo: fanmiy lan gen dwa enskri 2 paran + 3 pitit gratis, apre sa chak pitit an plis de 5 an jiska 15 an: € 10,00; a pati 16 an: € 15,00. Ou dwe mete non ak dat nesans tout moun ki fè pati de adezyon fanmiy lan nan fòm nan.
*3) Men detay pou montan kotizasyon an: si w enskri nan mwa janvye-fevriye-mas: 100%, avril-me-jen: 75%, jiyè-out-septanm: 50%, oktòb-novanm-desanm: 25% montan kotizasyon anyèl la.


Asosyasyon Ayisyen nan Pays-Bas
(Haïtiaanse Vereniging in Nederland)
+31 (0)6 390 181 60
Imèl: info@hvin.nl.
 
©2023 Haitiaanse Vereniging in Nederland · Disclaimer · Privacy · Contact · Facebook